D-fi, Picasso geto a

Yon ti nèg ki sot castro ak mikwo l li penn reyalite geto a

Se toujou kwonik yon powèt pou l prezante ak piblik li istwa vi li, antouraj li, dekri reyalite l, reyalite frè l yo k ap viv nan geto. D-fi pa kache men voye wòch, ni nan lonbrik kache lè l ap benyen. Li pa janm kite opòtinite pase pou l pa fè n viv sa geto a ap sibi epi sa l gen nan djakout li.
Li ta bon pou n konnen sa ki geto a nan konsèp epi nan reyalite l. Sa k ap degaje nan geto ayisyen an merite yon ti limyè pou piblik la konnen sa ki genyen.
Konsèp "geto" a voye n dirèk nan peyi Almay lè Hitler te fenk pran pouvwa a 30 janvye 1933. Nan kontèks sa, avèk mezi diskriminatwa tankou : ekslizyon juif yo nan administrasyon piblik la, avèk lwa "Nuremberg 1935" majinalizasyon an ta pral kòmanse grenpe sou juif yo, juif yo te vin pèdi nasyonalite yo, maryaj te vin entèdi ant juif ak Aryen yo pou n vin tonbe nan "la nuit de cristal" 9 novanm 1938 ki te make ogmantasyon puisans ak sèn vyolans sou juif nan peyi Almay. Juif te yo depòte nan tout kalite peyi nan mond lan, an Ewòp kou an Afrik, ki fè n vin jwenn "ghetto de Varsovie" an Polòy, Madagaska te akeyi yo tou epi blayi nan mond lan.

Nan ventyèm syèk la, geto a vin pran yon ekstansyon sitou nan peyi Etazini, ki vin pran sans yon espas kote nou jwenn tout fòm ekslizyon sosyal ap taye banda. Ladann yon gwoup moun k ap viv nan kras, k ap fonksyone tankou yon ti sosyete andidan yon lòt sosyete.
Moun ki gade fim "Banlieue 13" la ap konprann ak wè kòman reyalizatè a penn reyalite geto fransè yo. "Cité éternelle", yon lòt fim, mete toutouni sitiyasyon sosyo-ekonomik geto brezilyen yo. Gen lòt sinema nan menm pèspektiv la, tankou sinema Oliwoud (Hollywood) yo, pou n site sa sèlman. Geto a pa sèlman yon kote moun ap dechire moun, gè vire tounen, men tou, chaje talan moun pa remake k ap devlope ladan l. Gen talan ki sot ladan l, ki rive fè siksè, epi ki toujou konsève lanmou yo gen pou espas la. Pami talan sa yo nou gen Blaze One, D-Fi Powèt Revòlte. Ka Blaze One lan poko enterese n, sa ta merite yon lòt atik. Men n ap rete sou D-Fi, yon talan ekstrawòdinè, pòtpawòl geto yo, pwofèt k ap simaye levanjil geto a, ti nèg Castro a, men kiyès D-Fi ye ?

Rhode D'jivens Telemaque se bon non l, yo konnen li sou non "D-Fi Powèt Revòlte", li fèt 14 septanm 1991 (dat enstabilte politik sou prezidan Aristid) nan Chansrèl, li grandi Site Castro (ant Dèlma 33 ak Mayigate). Li fè etid primè l nan "Jean Marie Guilloux", etid segondè l "Saint Louis de Gonzague" epi "Collège Frantz Pailliere". Li se etidyan ekonomi, li devlope yon lanmou pou "Arts et lettres" epi kòmanse ekri powèm.
Se nan lane 2005 li foure pye l nan koze rap avèk Lord IMP epi fonde yon gwoup ki te rele "Die Nasty Authentic Group". Aprè yon ti tan li te pase nan "Patwouy", yon gwoup ki t ap evolye nan Dèlma. D-Fi vin resevwa apèl pou l distribiye levanjil geto a, nan sans sa, nan kolabo vin gen "Powèt Revòte", ki te rasanble yon gwoup powèt, rapè, slamè, ak chantè, elatriye. Yon gwoup jèn ki te vrèman pwomèt, chaje foug epi ki te vle chanje pwezi pou fè l tounen yon zam ki te ka "al kraze sistèm nan", pale sou koze Inivèsite, pran lari a se te devwa yo. Kòman D-Fi penn geto a ?

Sou albòm "BAL Ou RIM" nan D-Fi rape rigòl ak koridò. Li sèvi ak mikwo l pou krache sou sistèm lan ki, nonsèlman gen yon mond yo priyorize (nouvo albòm Rhode Over D-Fi, Mond yo a) men ki toujou ap itilize geto a pou fè represyon.
Nan geto gen anpil zak malonèt k ap fèt, toujou gen gè ant gwoup fistre yo, menm si sa, D-Fi fè n konnen vrè gè a se pa ant gwoup fistre yo. Men se ant menm gwo zotobre sistèm lan tankou Laprezidans ak Palman an.
Anndan geto gen moun k ap manje tè ak siwo, se gali l k ap bay ochan, frè tonbe kou mouch, pandanstan, geto a se pa vizaj sa sèlman li prezante.

"Gen anpil talan ki ale san yo pa menm briye, tankou Josué anndan Site Castro ki te konn jwe baskèt" selon D-Fi nan "Zetwal yo konn etenn",Rhode Over D-Fi. Gen talan ki gache paske pa janm gen yon politik kilti anfavè geto a, "nou pa gen The Voice talan nou yo nou dekouvri yo nan ti sourit" D-Fi fè n konnen.
Site Castro se yon geto tou ki chaje rapè, gen yon lòt jenereasyon envensib Powèt Revòlte k ap grandi, se pou sa D-Fi Powèt Revòlte chwazi "met Castro sou MAP la". Se pa sèlman nan Site Castro ki gen talan, men tou, gen Dèlma 30, 32, Bòlòs, Gran Ravin, Chansrèl, Boston, Bèlè ak Bèlekou, kote ki akeyi D-Fi ansanm ak rap angaje l la. Gen yon bann talan ki mouri san moun pa rive konnen yo. Gen zetwal k ap fèt ki gen pou briye nan geto yo, konsa tou genyen k ap etenn nenpòt longè yon jou ta genyen.

Sitiyasyon moun nan geto malouk, moun pil sou pil, pwoblèm lamanjay, pwoblèm ensekirite ak levasyon. Plizyè timoun ki sot nan geto frekante lekòl lise, nasyonal ak kèk kolèj. Jèn sa yo konn rankontre difikilte pou yo aprann. Grangou pa grangou, yo toujou ap kraze bèt yo. Vle pa vle fòk yo antre nan Inivèsite Leta a.
Pafwa, se menm puisans piblik la ki lakoz anpil nan yo vin bandi. Distribiye zam lè gen eleksyon, pwoblèm nèg anwo ak nèg anba.
Geto yo separe ak rès sosyete a sou tout plan, rayisman, kòlè, batay, defèt, viktwa se kilti pa l.D-Fi preche ekilib ant elit la ak mas la nan fonksyònman sosyete ayisyen an. Nan distribisyon k ap fèt yo, li vle pou tout moun gen menm chans(enspirasyon Bob Marley).
"Nou vle dlo pou tout moun olye chanpay pou kèk" li reprann lide lòm Peyi Entèg la "Thomas Sankara" pou l priyorize kolektivite sou endividyalite a nan mizik li. Lè enstans yo ki la pou asire sekirite, lamanjay, bon fonksyònman peyi afavorize ekilib la rete bèkèkè, lè sa a Leta pwouve lide nèg geto yo. Foule dwa yo anba pye, arestasyon ilegal, vide bal sou jèn ki djed, epi pantalon anba dèyè se kèk fòm vyolans sa yo geto yo konn sibi.

Lari a se salon pèp la se sa plizyè moun fè n kwè, men tou li se tribinal nou, kilti nèg geto yo. Geto a gen pwòp kilti pa l, nan fason pale, fason aji, jan yo konpòte yo. Sitiyasyon sa, D-Fi dekri l pou l preche lanmou nan espas la. Gen trèt tou ladan l, "tank ap gen mizè se tank ti jèn ap vin pi akrèk, tank w ap fè siksè se tank zanmi ap demake w", ''ap toujou gen egri men yo pa janm konnen kòman w batay pou w fè aksepte w nan divès domèn'' (D-Fi). Atis sa te fè yon chwa ki t ap koute l vi l, chwazi rape raj li, istwa l, sa frè l sibi anndan geto kont sistèm lan se nòmal. San pwomotè, jis yon staf, pran piblik la kòm medya l, li arive jwenn sa l te reve a.

"D-fi trase wout li, li fè tèt li yon modèl pou ti frè yo k ap vin dèyè, li pa regrèt li te chwazi rap,sa Esther, manman li, pa t swete pou li. Anpil sakrifis fèt, anpil nay, vin jwenn Philippe (beatmaker) ki te wè rèv la gran ki te anbrase l" (Istwa D-Fi).

Anplis de sa, "youn nan enjistis fanmi D-Fi sibi se lanmò papa l, pase twa (3) lopital li pa rive jwenn swen", enjistis sosyal, gen anpil moun Leta manje, Jonathan Clermont tout moun konnen sou non NITRO sou rezo sosyal yo, fè n konnen nan yon ti echanj ak li (Nitro se responsab relasyon piblik D-Fi Powèt Revòlte).

D-Fi chwazi pwofite jui bonè l kounya, li t ap pwone lapè nan plas lagè nan geto yo paske l viv ak konnen tout move sansasyon ki gen nan geto. Li di, nan yon mizik li, li ta renmen yon jou pou l kite isiba paske lòt bò baryè a gen vi, li konseye tout jèn pa fè eksperyans geto paske lavi ti nèg pa rezime ak sa sèlman. Wout la te long, sòti kote youn k ap batay ak yon lòt pou degouden se pase D-Fi. Li pa janm kite opòtinite yo file pou l pa ekspoze talan l. Rap li se gè, se lanmou, se lapè. Talan yo pouse tankou djondjon men yo tonbe sou konn grenn lapli men zèv jeni yo ap rete pou letènite.
Avèk yon mikwo li pran pou yon achtag, sèvi ak menm mikwo sa pou l te goumen kont sistèm lan epi kòm penso pou l dekri epi penn reyalite geto a.

Pierre Henry Cadet dit C.P.H/Pyè Anri kadè.
Étudiant à l'UEH /etidyan ILA (inivèsite leta)

Commentaires